1 Kings 5:6
Ou menm, ou pral bay lòd pou yo koupe kèk pye sèd pou mwen nan peyi Liban. Moun pa m' yo va travay ansanm ak moun pa ou yo. m'a peye mesye ou yo jan wa vle l' la. Ou konnen pa gen moun nan peyi m' ki ka koupe bwa tankou moun Sidon yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 17:16Men, wa sa a pa bezwen gen kantite chwal pou lame li, ni li pa bezwen voye moun nan peyi Lejip al achte chwal pou kavalye l' yo, paske Seyè a te di nou: Piga nou janm pran chemen tounen nan peyi sa a ankò.
1 Kings 6:16Li bati sou dèyè tanp lan yon gwo pyès li rele Pyès ki apa nèt pou Seyè a. Pyès la te gen trant pye longè. Panno pyès la fèt ak planch sèd ki soti depi atè rive nan plafon an.
1 Kings 9:19Li rebati tout lavil kote yo te fè depo pwovizyon Salomon yo, lavil pou chwal li yo ak pou cha lagè li yo, ak tou sa li te vle bati ni lavil Jerizalèm, ni nan peyi Liban, ni nan tout lòt peyi ki te sou lòd li yo.
2 Chronicles 1:14Li te sanble milkatsan (01.400) cha lagè ak douzmil (012.000) chwal pou sòlda kavalye li yo. Li mete yon pòsyon ladan yo nan lavil li te fè bati espre pou yo. Rès yo, li mete yo toupre l' lavil Jerizalèm.
2 Chronicles 2:10Men pwovizyon m'ap voye pou moun ou yo k'ap koupe pyebwa yo ak pou moun k'ap siye yo: sanmil (0100.000) barik ble, sanmil (0100.000) barik lòj, sandimil (0110.000) galon diven ak sandimil (0110.000) galon lwil oliv.
Psalms 29:5Vwa Seyè a kase pye sèd yo, li kase pye sèd peyi Liban yo.