1 Kings 5:7
Lè Iram resevwa mesaj Salomon an, sa te fè l' plezi anpil. Li di: -Lwanj jòdi a pou Seyè a ki bay David yon pitit gason ak bon konprann konsa pou gouvènen sou gwo pèp sa a!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 1:48Li di: Lwanj pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, li menm ki penmèt pou jòdi a se yonn nan pitit mwen yo ki chita sou fotèy la nan plas mwen. Lèfini, li kite m' wè sa anvan m' mouri.
1 Kings 4:7Salomon te chwazi douz gouvènè pou tout peyi a. Travay yo se te ranmase manje nan zòn sou reskonsablite yo pou wa a ak tout moun lakay li yo, yo chak pandan yon mwa nan lanne a.
2 Chronicles 2:11Lè sa a, wa Iram ekri yon lèt voye reponn Salomon. Li di l' nan lèt la: -Se paske Seyè a renmen pèp Izrayèl la kifè li mete ou wa pou gouvènen yo.
Psalms 122:6Lapriyè Bondye pou pa gen dezòd lavil Jerizalèm ankò. Se pou tout moun ki renmen ou yo viv ak kè poze.
Proverbs 10:1Men pwovèb wa Salomon yo: Yon pitit ki gen bon konprann fè kè papa l' kontan. Men, yon pitit san konprann bay manman l' lapenn.
Proverbs 15:20Yon pitit byen elve fè kè papa l' kontan. Men, yon moun ki san konprann meprize manman l'.