1 Kings 6:5
Kole kole ak miray yo, sou de sou kote yo ak sou dèyè Tanp lan ak pyès dèyè a, li fè bati twa ran pyès, yonn sou lòt. Chak etaj te gen sèt pye edmi wotè.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Miray tanp lan te gen fennèt ak griyaj bare yo.
Cross References
Leviticus 16:2Seyè a di Moyiz konsa: -Pale ak Arawon, frè ou la, pou l' pa antre nenpòt kilè, nenpòt ki jan dèyè rido a nan kote ki apa pou mwen an, devan kouvèti espesyal ki sou Bwat Kontra a. Paske se la, sou kouvèti ki sou bwat kontra a, mwen parèt nan yon nwaj. Si li pa swiv lòd sa a, li ka mouri.
1 Kings 6:16Li bati sou dèyè tanp lan yon gwo pyès li rele Pyès ki apa nèt pou Seyè a. Pyès la te gen trant pye longè. Panno pyès la fèt ak planch sèd ki soti depi atè rive nan plafon an.
1 Kings 6:31Salomon fè mete yon pòt de batan fèt ak bwa oliv pou fèmen pyès apa pou Seyè a. Lento pòt la ak de montan yo te pran yon senkyèm nan ouvèti pòt la.
1 Chronicles 23:28Travay yo se ede prèt yo, pitit Arawon yo, nan sèvis y'ap fè nan Tanp Seyè a. Se yo ki pou okipe lakou yo ak tout pyès nan Tanp lan. Se yo ki pou veye pou tout bagay rete nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a. Se yo ki reskonsab tout lòt sèvis nan Tanp lan.
2 Chronicles 4:20gwo lanp sèt branch yo ak tèt lanp fèt ak bon lò yo ki fèt pou limen devan pyès yo mete apa nèt pou Seyè a, jan pou yo fè l' la,
2 Chronicles 5:9Si yon moun kanpe sou devan pyès ki apa nèt pou Seyè a, yo ka wè pwent poto yo nan kote ki apa pou Bondye a tèlman yo te long. Men, ou pa ka wè yo lòt kote ankò. Jouk koulye a poto yo la toujou.