1 Kings 6:7
Wòch yo te sèvi pou bati Tanp lan te pare depi nan min wòch kote yo te jwenn yo a. Konsa, pandan yo t'ap bati Tanp lan pa t' gen ankenn bri mato, bri sizo, ni bri ankenn zouti fè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 27:5N'a pran wòch, n'a moute yon lòtèl la tou pou Seyè a, Bondye nou an. Pa travay wòch n'a pran pou n' fè lòtèl la ak sizo.
Proverbs 24:27Regle tout zafè ou. Mete jaden ou anfòm. Apre sa, ou mèt tabli.
Acts 9:31Lè sa a, legliz la te gen repo toupatou nan Jide, nan Galile ak nan Samari. Li t'ap devlope, li t'ap viv avèk krentif pou Bondye. Avèk konkou Sentespri, li t'ap resevwa anpil moun toujou.
2 Corinthians 5:5Se Bondye menm ki pare nou pou chanjman sa a. Li ban nou Sentespri l' tankou yon garanti pou tout byen li sere pou nou yo.
James 1:20Paske, kòlè lèzòm pa ka fè volonte Bondye.
1 Peter 2:5Nou menm tou, tankou wòch vivan, kite Bondye sèvi ak nou pou bati kay li a ak pouvwa Sentespri, pou nou ka sèvi l' tankou prèt k'ap viv pou li. Konsa, gremesi Jezikri, n'a ofri bay Bondye ofrann ki soti nan kè nou, ofrann ki pou fè l' plezi.