1 Kings 7:23
Apre sa, Iram fè yon gwo basen an kwiv tou won. Li te mezire kenz pye lajè anndan anndan ak sèt pye edmi fondè. Wonn li te mezire karannsenk pye.
Bib La
In The King James Version
In Context
22Sou tèt chak poto te gen yon blòk an fòm yon flè. Se konsa Iram fini ak travay poto yo.
Cross References
Exodus 30:17Seyè a di Moyiz konsa:
Exodus 38:8Bezaleyel pran moso kwiv poli ki te sèvi glas pou medam k'ap sèvi nan pòt antre Tant Randevou a, li fè yon gwo basen an kwiv avèk yon pye an kwiv tou pou mete l' chita.
2 Kings 16:15Epi Akaz bay Ouri lòd sa a: —Se sou gwo lotèl mwen an pou ou fè ofrann bèt yo boule nèt chak maten an ansanm ak ofrann grenn jaden chak aswè a. Se sou li pou ou fè ofrann bèt pou boule nèt ak ofrann grenn jaden pou wa a ak pou tout pèp la. Se sou li w'a ofri san bèt y'a touye yo ak diven ofrann yo. Se sou li w'a vide san tout bèt yo ofri pou boule nèt ak bèt y'a ofri bay Bondye. Pou lotèl an kwiv la menm, kite sa sou kont mwen.
2 Kings 25:13Moun Babilòn yo pran gwo poto kwiv yo ki te nan Tanp Seyè a ansanm ak sipò yo ak basin kwiv yo. Yo kraze yo an ti moso, yo pote kwiv la ale lavil Babilòn.
2 Chronicles 4:2Li fè fè ankò yon gwo basen an kwiv tou won pou mete dlo. Basen lan te mezire kenz pye lajè ak sèt pye edmi wotè. Le ou mezire wonn li, li ba ou karannsenk pye.
Jeremiah 52:17Moun Babilòn yo pran gwo poto kwiv yo ki te nan tanp Seyè a, ansanm ak sipò yo, gwo basen kwiv yo, yo kraze yo fè ti moso, yo pote kwiv la ale lavil Babilòn.