1 Kings 8:16
Depi jou mwen te fè pèp mwen an soti kite peyi Lejip, mwen pa janm chwazi yon lavil nan tout peyi pèp Izrayèl la kote pou yo bati yon tanp ladan l' pou mwen rete. Men, mwen te chwazi David pou li gouvènen pèp mwen an, pèp Izrayèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
17David, papa m', te fè lide bati yon tanp pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.
Cross References
Deuteronomy 12:5Se Bondye menm ki pral chwazi yon kote pou l' rete nan mitan pèp la, kote pou yo fè sèvis pou li. Se la n'a vin jwenn Seyè a, Bondye nou an.
1 Samuel 16:1Seyè a di Samyèl konsa: -Kilè w'a sispann gen lapenn pou Sayil? Se mwen menm ki voye l' jete pou l' pa wa pèp Izrayèl la ankò. Plen ti poban ou lan lwil. Leve ou ale. M'ap voye ou lavil Betleyèm, kay yon nonm yo rele Izayi, paske mwen chwazi yonn nan pitit gason l' yo pou vin wa.
2 Samuel 7:6Depi jou mwen te fè moun pèp Izrayèl yo soti kite peyi Lejip rive jòdi a, mwen pa janm rete nan yon kay. Tout kote m' pase se anba yon tant twal mwen toujou ye.
1 Kings 11:36M'ap kite yon sèl branch fanmi pou pitit li a. Konsa, David, sèvitè m' lan, va toujou gen yon moun nan ras li ap gouvènen lavil Jerizalèm, lavil mwen te chwazi pou m' rete a.
1 Chronicles 17:5Depi jou mwen te fè moun pèp Izrayèl yo soti kite peyi Lejip rive jòdi a, mwen pa janm rete nan yon kay. Tout kote m' pase, se anba yon tant twal mwen toujou ye.
1 Chronicles 28:4Men se mwen menm Seyè a, Bondye Izrayèl la, te chwazi nan mitan tout fanmi m' yo pou fè m' wa peyi Izrayèl la pou tout tan. Li te chwazi branch fanmi Jida a pou pran kòmandman peyi a. Nan branch fanmi Jida a, li chwazi fanmi papa m'. Nan fanmi papa m', sa te fè l' plezi pou l' chwazi m' pou l' mete m' wa sou tout peyi Izrayèl la.