1 Kings 8:22
Apre sa, Salomon al kanpe devan lotèl Seyè a, devan tout pèp Izrayèl la, li leve de men l' anlè, li lapriyè Bondye,
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 9:33Moyiz soti lakay farawon an, l' al andeyò lavil la. Li lapriyè nan pye Seyè a. Loraj la sispann, lagrèl la rete. pa t' gen lapli ankò.
1 Kings 8:54Pandan Salomon t'ap fè lapriyè sa a nan pye Bondye, li te ajenou devan lotèl la, de bra leve anlè. Lè li fini, li leve.
2 Kings 23:3Lè li fini, li rete kanpe nan plas rezève pou li bò gwo poto a, li pran angajman devan Seyè a pou li fè volonte Seyè a, pou li mache dapre kòmandman, prensip ak lòd Bondye yo ak tout kè li ak tout nanm li. Lèfini, pou l' kenbe tout kondisyon kontra ki ekri nan liv la. Tout pèp la pran angajman pou yo kenbe kontra a tou.
Ezra 9:5Lè lè a rive pou yo fè ofrann chak aswè a, mwen leve kote m' te koupi ap kriye a, epi ak tout rad chire yo sou mwen, mwen tonbe ajenou, mwen louvri de bra m' devan Seyè a, Bondye mwen an.
Psalms 28:2Tande m' non, lè m'ap rele ou, lè m'ap mande ou sekou. Koute m' non, lè mwen leve de bra m' nan direksyon kay ki apa pou ou a.
Isaiah 1:15Lè n'ap leve bra nou anlè pou nou lapriyè nan pye m', m'ap bouche je m' pou m' pa wè nou. Nou mèt fè lapriyè sou lapriyè, mwen p'ap tande nou! Men nou plen san!