1 Kings 8:27
Men, Bondye, èske ou ka rete tout bon sou latè? Ata syèl la pa laj ase pou l' kenbe ou. Ale wè pou ti kay mwen bati pou ou la a!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Chronicles 2:5Men, se pou tanp mwen pral bati a gwo anpil, paske Bondye nou an gen plis pouvwa pase tout lòt bondye yo.
2 Chronicles 6:18Men, Bondye, èske ou ka rete tout bon sou latè ak moun? Ata syèl la pa laj ase pou l' kenbe ou! Ale wè pou ti kay mwen bati pou ou la a!
Psalms 139:7Ki bò mwen ta ale pou m' pa jwenn ak ou? Ki bò mwen ta ale pou ou pa wè m' devan je ou?
Isaiah 66:1Men sa Seyè a di ankò: -Syèl la, se fòtèy kote mwen chita a. Tè a, se ti ban pou m' lonje pye m'. Ki kalite kay nou ta ka bati pou mwen? Ki kote nou ta ka ban mwen pou m' poze kò m'?
John 1:14Pawòl la tounen moun. Li te vin viv nan mitan nou, li mennen yon lavi ki te konfòm nèt ak verite a, ak renmen nan tout kè li. Nou wè pouvwa li, se te pouvwa Bondye Papa a te bay sèl Pitit li a.
Acts 17:24Bondye ki fè lemonn antye ak tou sa ki ladan l', se li menm ki Mèt syèl la ak tè a. Li pa rete nan kay moun bati ak men yo.