1 Kings 8:28
Seyè, Bondye m', tanpri, se sèvitè ou mwen ye. Tanpri, tande jan m'ap lapriyè ou. Koute jan m'ap rele nan pye ou jòdi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Chronicles 6:19Seyè, Bondye m', tanpri, se sèvitè ou mwen ye! Tanpri, tande jan m'ap lapriyè nan pye ou. Koute jan m'ap rele nan zòrèy ou jòdi a. Tande jan m'ap rele, jan m'ap lapriyè nan pye ou.
Psalms 4:1(04:1) Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Se yon sòm David. (04:2) Lè m' rele ou, reponn mwen non, Bondye, ou menm k'ap fè m' jistis! Lè m' te nan tèt chaje, ou te vin ede m'. Gen pitye pou mwen. Koute lapriyè mwen.
Psalms 5:2(05:3) Se ou ki wa mwen, se ou ki Bondye mwen. Pran ka m', Seyè, lè m'ap rele ou! Se ou menm m'ap lapriyè, Seyè.
Psalms 86:6Seyè, koute m' non lè m'ap lapriyè! Tande m' non lè m'ap rele mande sekou!
Psalms 141:2Se pou lapriyè m' moute devan ou tankou lansan y'ap boule pou ou a! Wi, se pou lè m' leve men m' pou m' lapriyè, se tankou ofrann yo fè pou ou chak swa a.
Daniel 9:17O Bondye papa nou! Tanpri, tande lapriyè sèvitè ou la ap fè nan pye ou. M'ap mande ou, tanpri souple, voye je ou sou tanp ou a ki fin kraze, pou tout moun ka konnen se Bondye ou ye.