1 Kings 8:29
Lajounen kou lannwit, voye je ou sou Tanp lan, Tanp kote ou te di w'ap toujou la a. Koute lapriyè mwen menm, sèvitè ou la, m'ap fè nan pye ou la a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 12:5Se Bondye menm ki pral chwazi yon kote pou l' rete nan mitan pèp la, kote pou yo fè sèvis pou li. Se la n'a vin jwenn Seyè a, Bondye nou an.
Deuteronomy 12:14Seyè a pral chwazi yon kote nan pòsyon tè yonn nan branch fanmi nou yo. Se la sèlman n'a ka ofri bèt pou nou boule nèt pou Seyè a, se la n'a fè tou sa li mande pou nou fè a.
Deuteronomy 16:6Se va sèlman kote Seyè a te chwazi pou fè sèvis pou li a n'a touye bèt delivrans lan nan aswè apre solèy fin kouche, paske se yon lè konsa nou te soti kite peyi Lejip.
1 Kings 8:16Depi jou mwen te fè pèp mwen an soti kite peyi Lejip, mwen pa janm chwazi yon lavil nan tout peyi pèp Izrayèl la kote pou yo bati yon tanp ladan l' pou mwen rete. Men, mwen te chwazi David pou li gouvènen pèp mwen an, pèp Izrayèl la.
1 Kings 8:52Seyè, Bondye, louvri je ou! Koute lapriyè mwen menm, sèvitè ou, m'ap fè nan pye ou ansanm ak tout pèp Izrayèl la, chak fwa n'ap rele pou mande ou sekou.
1 Kings 11:36M'ap kite yon sèl branch fanmi pou pitit li a. Konsa, David, sèvitè m' lan, va toujou gen yon moun nan ras li ap gouvènen lavil Jerizalèm, lavil mwen te chwazi pou m' rete a.