1 Kings 8:44
Lè pèp ou a va pati al goumen ak lènmi l' yo, nenpòt ki bò w'a voye yo, lè y'a vire tèt yo nan direksyon lavil ou chwazi a ak nan direksyon Tanp mwen bati pou ou a pou yo lapriyè nan pye ou,
Bib La
In The King James Version
In Context
45tanpri, nan syèl kote ou rete a, koute lapriyè yo. Koute lapriyè y'ap fè nan pye ou, defann kòz yo.
Cross References
Deuteronomy 20:1Lè nou soti pou n' al goumen kont lènmi nou yo, epi nou wè yo gen plis chwal, plis cha lagè ak plis moun pase nou, nou pa bezwen pè, paske Seyè a, Bondye nou an, li menm ki te fè nou moute soti nan peyi Lejip la, l'ap kanpe la avèk nou.
Joshua 1:2-Koulye a, Moyiz, sèvitè m' lan, mouri. Pare kò ou, ou menm ansanm ak tout pèp Izrayèl la. Nou pral janbe lòt bò larivyè Jouden an pou nou ka antre nan peyi m'ap ban nou an.
Joshua 8:1Seyè a di Jozye konsa: -Ou pa bezwen pè. Ou pa bezwen dekouraje. Pran tout sòlda yo avè ou, epi mache sou lavil Ayi. M'ap lage wa lavil la ansanm ak pèp la, lavil la ak tout zòn yo a nan men ou.
Judges 4:6Li voye chache Barak, pitit gason Abinoram, moun lavil Kadès nan peyi moun Neftali yo. Li di l' konsa: -Men lòd Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye ba ou: Ale! Mennen sòlda ou yo sou mòn Tabò. Nan branch fanmi Neftali a ak nan branch fanmi Zabilon an, pran dimil (010.000) gason avè ou.
1 Samuel 15:3Koulye a, leve al atake moun Amalèk yo. W'a pran tou sa ki pou yo, w'a ofri yo bay Seyè a. Ou p'ap gen pitye pou pesonn lakay yo: N'a touye fanm kou gason, timoun ak ti bebe nan tete, ata bèf, mouton, chamo ak bourik.
1 Samuel 30:8David pale ak Seyè a, li di li: -Eske se pou m' ale dèyè bann moun sa yo? Eske m'a rapouswiv yo? Seyè a di li: -Ou mèt ale dèyè yo. W'a rapouswiv yo, epi w'a sove moun yo fè prizonye yo.