1 Kings 8:6
Lè yo fini, prèt yo pote Bwat Kontra a nan pyès ki apa nèt pou Seyè a, yo mete l' nan mitan de pòtre zanj cheriben yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 26:33Mete rido a anba kwòk ki nan twati tant lan. W'a mete Bwat Kontra a dèyè rido a. Rido a va separe kote ki apa apa nèt pou Bondye sèlman an ak rès tant Bondye a.
Exodus 40:20Li pran ròch kontra yo, li mete yo nan bwat la. Li pase manch yo nan bag yo, epi li mete kouvèti a anwo bwat la.
2 Samuel 6:2Li leve, li pati pou Balat nan peyi Jida ansanm ak tout sòlda ki te avè l' yo. Li tapral chache Bwat Kontra Bondye a, bwat ki pote non Seyè ki gen tout pouvwa a, Seyè ki gen fotèy li anwo zanj cheriben yo.
1 Kings 6:19Anndan Tanp lan, sou dèyè, li bati yon pyès apa pou Seyè a. Se la yo te mete Bwat Kontra Seyè a.
1 Kings 8:4yo pote l' nan Tanp lan ansanm ak Tant Randevou Seyè a ak tout bagay ki te apa pou Seyè a nan Tant Randevou a. Se prèt yo ak moun Levi yo ki te pote yo moute.
2 Chronicles 5:7Lè yo fini, prèt yo pote Bwat Kontra a nan pyès ki apa nèt pou Seyè a anndan tanp lan, yo mete l' nan mitan de pòtre zanj cheriben yo.