1 Kings 8:60
Konsa, tout nasyon sou latè va konnen se Seyè a sèl ki Bondye. Pa gen lòt!
Bib La
In The King James Version
That all the people of the earth may know that the LORD is God, and that there is none else.
In Context
Cross References
Exodus 6:7M'ap adopte nou pou pèp mwen, mwen menm m'a Bondye nou. N'a konnen se mwen menm Seyè a, Bondye nou an, ki ban nou libète nou, ki wete nou nan travay di moun peyi Lejip yo ap fòse nou fè a.
Deuteronomy 4:39Bon. Koulye a, konprann sa byen. Pa janm bliye se Seyè a ki Bondye anwo nan syèl la ak isit la sou latè. Wi, se li menm, pa gen lòt.
1 Samuel 17:46Jòdi a menm, Seyè a pral lage ou nan men m'. M'ap vide ou atè, m'ap koupe tèt ou. Lèfini, m'ap kite kadav ou ansanm ak kadav sòlda Filisti yo pou zwazo nan syèl ak bèt nan bwa manje. Konsa, tout moun nan peyi a va konnen pèp Izrayèl la gen yon Bondye.
1 Kings 18:39Lè pèp la wè sa, yo tonbe fas atè, yo pran rele: -Se Seyè a ki Bondye! Se Seyè a ki Bondye!
Isaiah 37:20Koulye a, Seyè, Bondye nou an, tanpri, delivre nou anba men Senakerib, pou tout nasyon ki sou latè ka konnen se ou menm sèl, Seyè, ki Bondye.
Isaiah 44:8Nou pa bezwen pè, nou pa bezwen tranble. Depi lontan mwen te fè nou konn sa, mwen te di nou sa. Nou pral kanpe pale pou mwen. Eske gen lòt bondye pase mwen menm? Eske gen lòt bondye ki ka pwoteje moun? Mwen menm, mwen pa konnen l'.