1 Kings 8:61
Se pou nou toujou kenbe pye Seyè a, Bondye nou an, fèm. Se pou nou mache dapre lòd li ban nou, pou nou fè tou sa li mande nou fè tankou jòdi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
60Konsa, tout nasyon sou latè va konnen se Seyè a sèl ki Bondye. Pa gen lòt!
62Apre sa, wa Salomon ansanm ak tout pèp Izrayèl ki te la a ofri bèt pou touye pou Seyè a.
Cross References
Genesis 17:1Le Abram rive sou katrevendisnevan laj, Seyè a parèt devan l', li di l' konsa. Mwen se Bondye ki gen tout pouvwa a. Se pou ou toujou fè sa m' di ou fè. Se pou ou mennen yon vi san repwòch.
1 Kings 3:3Salomon li menm te renmen Seyè a, li te mache dapre lòd David, papa l', te ba li. Men li menm tou, li te touye bèt pou lòt bondye, li te ofri yo lansan sou divès lotèl sou mòn yo.
1 Kings 15:3Abijam te lage kò l' nan fè menm bagay ak papa l'. Li pa t' sèvi Seyè a, Bondye li a, ak tout kè li jan David, zansèt li a, te fè.
2 Kings 20:3Li di: —Tanpri, Seyè! Chonje jan mwen te sèvi ou ak tout kè mwen san m' pa janm vire do ba ou! Mwen te toujou fè sa ou te vle m' fè. Epi li pran kriye kont kriye l'.
Job 1:1Te gen yon nonm yo te rele Jòb. Li te rete nan peyi Ouz. Se te yon nonm san repwòch ki te mache dwat nan tou sa l'ap fè. Li te gen krentif pou Bondye, li te toujou ap chache fè sa ki byen.
Psalms 37:37Gade moun k'ap mache dwat la byen gade. Gade tout vire tounen l'. Moun ki viv byen ak tout moun ap gen pitit ak pitit pitit.