1 Kings 8:63
Salomon te ofri venndemil (022.000) towo ak sanvenmil (0120.000) mouton pou mande Bondye padon. Se konsa wa a ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo te mete Tanp lan apa pou Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
62Apre sa, wa Salomon ansanm ak tout pèp Izrayèl ki te la a ofri bèt pou touye pou Seyè a.
Cross References
Numbers 7:10Chèf yo te fè lòt ofrann pou lotèl la, jou yo t'ap vide lwil sou li pou mete l' apa pou sèvis Bondye a. Yo mete ofrann yo devan lotèl la.
1 Chronicles 29:21Nan denmen, yo ofri bèt pou yo touye pou Seyè a, yo boule kèk bèt nèt pou Seyè a: antou mil (01.000) ti towo bèf, mil (01.000) belye mouton, mil (01.000) jenn ti mouton ak ofrann diven ki fèt pou mache ak yo. Yo touye yon pakèt lòt bèt yo tè ofri bay Bondye pou pèp Izrayèl la.
2 Chronicles 7:5Wa Salomon te ofri venndemil (022.000) towo ak sanvenmil (0120.000) mouton pou mande Bondye padon. Se konsa wa a ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo te mete Tanp lan apa pou Seyè a.
2 Chronicles 29:32Yo mennen swasanndis towo, san belye mouton ak desan (0200) ti mouton pou yo te boule nèt pou Seyè a.
2 Chronicles 35:7Apre sa, Jozyas pran trantmil (030.000) ti mouton ak ti kabrit ansanm ak twamil (03.000) bèf nan bèt pa l', li bay moun pèp Izrayèl ki te la yo pou fè fèt Delivrans lan.
Nehemiah 12:27Lè yo tapral fè sèvis benediksyon miray ranpa lavil Jerizalèm lan, yo fè chache tout moun Levi yo toupatou kote yo te rete, yo mennen yo lavil Jerizalèm. Yo te vle fè yon gwo fèt pou sèvis benediksyon an ak kè kontan. t'ap gen chante pou di Bondye mèsi, avèk mizik, senbal, gita ak bandjo.