1 Kings 8:65
Lè sa a, Salomon ansanm ak tout pèp Izrayèl la fete Fèt Joupa yo pandan sèt jou. Foul moun te soti depi Pas Amat la nan nò jouk sou fwontyè ak peyi Lejip la nan sid, yo vin fete fèt la pandan sèt jou. Lèfini, yo fete pandan sèt jou ankò. Sa te fè antou katòz jou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 23:31M'ap fè fwontyè peyi nou an konmanse depi sou lanmè Wouj la rive jouk sou lanmè Mediterane, depi sou dezè a al bat sou larivyè Lefrat la. M'ap lage tout moun nan peyi a anba men nou, n'ap chase yo met deyò devan nou.
Numbers 34:5l'a chankre bò ravin ki sèvi fwontyè ak peyi Lejip la, epi l'a bout nan Lanmè Mediterane.
Joshua 13:3ki vle di depi larivyè Chikò k'ap koule sou fwontyè lès peyi Lejip la, moute nan nò, jouk sou fwontyè Ekwon an. Tout teritwa sa a te pase pou peyi moun Kanaran yo. Te gen senk chèf pami moun Filisti yo: yonn te rete lavil Gaza, yon lòt te rete lavil Asdòd, yon lòt lavil Askalon, yon lòt lavil Gat, yon lòt lavil Ekwon. Te rete peyi moun Avit yo tou,
Joshua 15:1Lè yo te tire osò a, men pòsyon tè ki vin pou moun branch fanmi Jida yo. Se tè sa a yo te separe bay chak fanmi nan branch lan pòsyon pa yo. Tè a bonè nan sid ak peyi Edon an, depi dezè Zin lan rive Kadès nan direksyon sid.
Judges 3:3Men moun li te kite nan peyi a: Se te moun Filisti yo ki te rete nan senk lavil, tout moun Kanaran yo, moun Sidon yo ak moun Evi yo ki te rete nan mòn Liban yo, depi mòn Baal-Emon jouk Pas Amat.
1 Kings 4:24Salomon te rive chèf sou tout peyi ki sou bò solèy kouche larivyè Lefrat la depi lavil Tifsak bò larivyè Lefrat la jouk lavil Gaza nan direksyon lwès. Tout ti wa ki t'ap gouvènen sou bò solèy kouche larivyè Lefrat la te soumèt devan li. Salomon menm pa t' ni nan goumen ni nan kont ak ankenn peyi nan vwazinaj li.