1 Kings 9:4
Si ou mache devan m' tankou David, papa ou, ak tout kè ou jan ou dwe fè l' la, si ou fè tout sa mwen mande ou fè, si ou koute lòd ak bon prensip mwen yo, m'a fè gouvènman ou lan kanpe fèm nan peyi Izrayèl la pou tout tan,
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 17:1Le Abram rive sou katrevendisnevan laj, Seyè a parèt devan l', li di l' konsa. Mwen se Bondye ki gen tout pouvwa a. Se pou ou toujou fè sa m' di ou fè. Se pou ou mennen yon vi san repwòch.
2 Samuel 22:22Mwen te obeyi lalwa Seyè a, mwen pa janm vire do bay Bondye.
1 Kings 3:14Si ou fè volonte m', si ou mache dapre lòd ak kòmandman m' yo, tankou David, papa ou, te fè l' la, m'ap fè ou viv lontan.
1 Kings 11:4Lè Salomon konmanse granmoun, medam yo pran tèt li, yo fè l' al sèvi lòt bondye. Li pa sèvi Seyè a, Bondye li a, ak tout kè li ankò, jan David, papa l', te fè l' la.
1 Kings 11:38Si ou fè tou sa mwen mande ou fè, si ou mache sou lòd mwen, si ou fè sa ki dwat devan je m', si ou kenbe tout lòd ak tout kòmandman mwen yo tankou David, sèvitè m' lan, te fè l' la, m'ap toujou kanpe la avè ou. Lèfini, tankou mwen te fè sa pou David, m'ap fè ou toujou gen yon moun nan fanmi ou k'ap wa apre ou. M'ap ba ou peyi Izrayèl la pou ou.
1 Kings 15:5Seyè a te fè sa paske David te toujou fè sa ki dwat devan Seyè a. Pandan tout lavi li, li pa t' janm dezobeyi ankenn lòd Seyè a, si ou wete zafè Ouri, moun peyi Et la.