1 Peter 3:20
Se nanm moun ki nan tan lontan te derefize kwè nan Bondye. Se te sou tan Noe. Lè sa a, Bondye t'ap tann ak pasyans pandan Noe t'ap fè gwo batiman an. Nan batiman sa a, se kèk moun sèlman, wit moun antou, ki te sove nan dlo a.
Bib La
In The King James Version
In Context
19Ak pouvwa menm Lespri a, li te al preche nanm ki nan prizon yo.
Cross References
Genesis 6:5Seyè a wè jan lèzòm te mechan toupatou sou latè, ki jan tout lajounen se move lide ase ki te nan tèt yo.
Genesis 7:13Menm jou sa a, Noe, madanm li, pitit gason l' yo, Sèm, Kam ak Jafè, ansanm ak madanm yo antre nan batiman an,
Genesis 8:1Men, Bondye vin chonje Noe ansanm ak tout bèt bwa ak zannimo domestik ki te avè l' nan batiman an. Bondye fè yon van soufle sou latè, epi dlo yo konmanse bese.
Isaiah 30:18Men, Seyè a ap tann lè pou l' fè nou gras. Li tou pare pou l' gen pitye pou nou, paske Seyè a, se yon Bondye k'ap toujou fè sa ki byen! benediksyon pou moun ki mete konfyans yo nan li.
Matthew 24:37Sak te rive nan tan Noe a, se sa k'ap rive tou lè Moun Bondye voye nan lachè a ap vini.
Luke 13:24Fè jefò pou n' antre nan pòt jis la; paske, m'ap di nou sa, anpil moun va seye antre, yo p'ap kapab.