1 Samuel 1:11
Li fè Seyè a yon pwomès, li di l' konsa: -Seyè, ou menm ki gen tout pouvwa a, tanpri voye je ou sou sèvant ou a non! Gade lapenn mwen! Si ou pa bliye m', si ou ban m' yon pitit gason, m'ap mete l' apa pou li viv pou ou ase. Li p'ap janm koupe cheve nan tèt li.
Bib La
In The King James Version
In Context
10Ana te gen anpil lapenn. Li t'ap lapriyè nan pye Seyè a, dlo t'ap koule nan je l'.
12Pandan tout tan Ana t'ap lapriyè konsa devan Seyè a, Eli t'ap gade bouch li.
Cross References
Genesis 8:1Men, Bondye vin chonje Noe ansanm ak tout bèt bwa ak zannimo domestik ki te avè l' nan batiman an. Bondye fè yon van soufle sou latè, epi dlo yo konmanse bese.
Genesis 29:32Leya vin ansent, li fè yon pitit gason, li di: -Seyè a wè jan m'ap soufri. Koulye a, mari m' va renmen m'. Se konsa li rele l' Woubenn.
Exodus 4:31Pèp la vin kwè yo. Lè yo tande Seyè a te vin vizite yo, li te wè mizè y'ap pase a, yo tonbe ajenou, yo bese tèt yo jouk atè pou adore Bondye.
Numbers 6:5Pandan tout tan li fè ve pou l' viv apa pou Bondye tankou yon nazareyen an, li pa gen dwa koupe cheve nan tèt li, ni fè labab. Se pou l' kenbe ve a pandan tout tan l'ap viv apa nèt pou Bondye a, jouk lè tan ve a bout. Se pou l' kite cheve nan tèt li pouse byen long san li pa janm koupe yo.
Numbers 6:11Prèt la va ofri yo bay Seyè a, yonn pou repare sa li te fè ki mal la, lòt la pou yo boule sou lotèl la. Se konsa l'a ofri bèt pou yo touye pou peche moun lan fè a akòz kontak li te gen avèk kadav moun mouri a.
Numbers 30:3Si yon jenn fi ki lakay papa l' toujou fè yon ve l'ap bay Seyè a kichòy ou ankò li pwomèt pou l' pa fè yon bagay,