1 Samuel 1:22
Men Ana pa t' ale. Li di mari l' konsa: -Fini m'a fin sevre pitit la, m'a mennen l' nan Tanp Seyè a kote li pral rete pou tout tan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 25:23Yon tè pa fèt pou vann pou tout tan, paske tè a pa pou nou, se pou mwen li ye. Nou menm, nou tankou moun lòt peyi ki rete lakay mwen: mwen ban nou dwa sèvi sou tè a.
Joshua 4:7n'a reponn yo: Dlo larivyè Jouden an te sispann koule devan Bwat Kontra Seyè a. Wòch sa yo la pou pèp Izrayèl la ka toujou chonje dlo larivyè Jouden an te sispann koule lè yo t'ap janbe lòt bò larivyè a.
1 Samuel 1:28Se konsa m' vin mete l' apa pou l' ka viv pou Seyè a ase jouk li mouri. Apre sa, yo adore Seyè a la nan tanp lan.
1 Samuel 2:18Ti Samyèl menm t'ap sèvi Seyè a. Li te gen yon ti jile tankou prèt yo konn mete a.
Psalms 23:6Wi, mwen konnen w'ap toujou renmen m', w'ap toujou bon pou mwen pandan tout lavi m'. Se lakay ou m'ap rete tout tan tout tan.
Psalms 110:4Seyè a te sèmante, l'ap toujou kenbe pawòl li: -Ou se prèt pou tout tan, menm jan ak Mèlkisedèk.