1 Samuel 1:4
Chak fwa Elkana te ofri bèt pou Seyè a, li te toujou pran yon pòsyon pou Penina, yon pòsyon pou chak pitit fi ak pitit gason li yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Men, li te bay Ana yon pòsyon doub, paske li te renmen l' anpil, atout Seyè a pa t' ba li pitit.
Cross References
Leviticus 7:15Kanta vyann bèt la, se pou yo manje tout menm jou yo te touye l' la. Yo pa fèt pou yo kite anyen pou denmen maten.
Deuteronomy 12:17Nan tout lavil kote nou rete, nou p'ap gen dwa manje ladim ble, ladim diven osinon ladim lwil nou gen pou n' ofri bay Seyè a. Piga nou janm manje anyen nan sa n'ap ofri bay Seyè a: ki vle di premye pitit bèf nou yo, premye pitit kabrit osinon mouton nou yo, ou ankò kado nou ta pwomèt Seyè a pou nou ba li, kado nou leve konsa nou vle fè Seyè a, ni ankenn lòt ofrann nou pote bay Seyè a.