1 Samuel 10:14
Tonton Sayil la mande l' ansanm ak domestik li a: -Kote nou te ye konsa? Sayil reponn tonton l' lan: -Mwen t' al chache bourik yo. Lè nou pa jwenn yo, n' al kote Samyèl.
Bib La
In The King James Version
In Context
13Lè Sayil fin danse, lè li te fin bay mesaj, li moute sou ti mòn lan bò lotèl la.
15Tonton Sayil la mande l': -Rakonte m' sa li di ou.
Cross References
1 Samuel 9:3Kich te gen kèk manman bourik ki te pèdi. Li di Sayil konsa: -Pran yonn nan domestik yo avè ou, al bouske manman bourik yo pou mwen.
1 Samuel 14:50Madan Sayil te rele Akinoam. Se te pitit Akimas. Kòmandan lame a te rele Abnè. Se te pitit Nè, tonton Sayil.