1 Samuel 10:27
Men te gen kèk vòryen ki t'ap di: -Ki jan jenn gason sa a ka rive delivre nou? Yo pa okipe Sayil menm, yo pa fè l' kado anyen. Sayil menm fè tankou li pa konprann.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 2:12Pitit gason Eli yo te yon bann vòryen. Pou yo, Seyè a pa t' egziste,
2 Samuel 8:2Lèfini li bat moun peyi Moab yo. Li fè prizonye yo kouche plat atè. Pou chak twa ladan yo, li touye de, li kite yonn vivan. Depi lè sa a moun peyi Moab yo soumèt devan David nèt. Li fè yo peye taks ba li chak lè.
1 Kings 4:21Salomon te rive gouvènen tout nasyon nan zòn ki pran depi larivyè Lefrat rive nan peyi Filisti a ak fwontyè Lejip la. Yo tout te peye Salomon taks, yo tout te soumèt devan li pandan tout rèy li jouk li mouri.
1 Kings 10:25Chak moun ki te vini te pote kado pou li: bagay fèt an ajan ak an lò, rad, zam, fèy santi bon, chwal ak milèt. Chak lanne se te konsa.
2 Chronicles 17:5Seyè a bay gouvènman l' lan fòs. Nan peyi Jida a, tout moun t'ap pote kado ba li. Konsa, li te vin gen anpil byen. Tout moun t'ap fè lwanj li.
Psalms 72:10Wa peyi Tasis ak wa zile yo va vin ofri l' kado. Wa peyi Saba ak wa peyi Seba va pote kado ba li.