1 Samuel 10:5
Apre sa, w'a moute sou ti mòn Bondye yo rele Gibeya a, kote yon lame moun Filisti moute ganizon yo. Lè w'ap antre nan lavil la, w'a kontre ak yon gwoup pwofèt k'ap desann soti bò lotèl ki sou ti mòn lan. Y'ap jwe gita, y'ap bat tanbou, y'ap jwe fif ak bandjo, y'ap danse, y'ap bay mesaj ki sot nan Bondye.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Y'a di ou bonjou, y'a ba ou de nan pen yo. W'a pran yo nan men yo.
Cross References
1 Samuel 9:12Jenn fi yo reponn: -Li la wi. Gade, men li la devan ou lan. Fè vit, li fenk rive lavil la, paske jòdi a se jou pou moun yo al touye bèt pou Bondye sou lotèl ki sou ti mòn lan.
1 Samuel 13:3Jonatan touye chèf moun Filisti yo ki te rete lavil Gibeya a. Moun Filisti yo vin konn sa. Sayil voye moun kònen twonpèt nan tout peyi a pou avèti pèp ebre a.
1 Kings 18:29Lè midi fin pase, yo pran rele Baal pi rèd toujou jouk lè pou yo fè ofrann apremidi a rive. Men, ankenn vwa pa reponn! Anyen pa pati.
2 Kings 2:5Yon gwoup pwofèt ki te rete lavil Jeriko vin kontre Elize, yo di l' konsa: —Ou pa konnen Seyè a pral pran mèt ou a jòdi a? Elize reponn: —Mwen konn sa wi! Men nou menm, nou pa bezwen di anyen ankò.
2 Kings 2:15Lè pwofèt Jeriko yo ki te pi devan an wè sa, yo di: —Lespri Eli a sou Elize! Yo vin jwenn li, yo bese tèt yo jouk atè devan l'.
2 Kings 4:38Apre sa, Elize tounen lavil Gilgal. Lè sa a, yon sèl grangou te tonbe sou tout peyi a. Yon jou, yon gwoup pwofèt te chita ap pale ak Elize. Elize rele domestik li a, li di l' konsa: —Mete gwo mamit la sou dife. Pare yon bouyon pou pwofèt yo.