1 Samuel 12:10
Yo rele mande Seyè a sekou, yo di konsa: Nou te fè sa ki mal, paske nou te vire do bay Seyè a, n' al sèvi yon bann zidòl yo rele Baal ak Astate. Koulye a, tanpri, delivre nou anba men lènmi nou yo, n'a sèvi ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Judges 2:11Moun pèp Izrayèl yo lage kò yo nan fè sa ki mal nan je Seyè a. Y' al sèvi Baal yo.
Judges 3:7Moun pèp Izrayèl yo tanmen fè bagay ki te mal nan je Seyè a. Yo bliye Seyè a, Bondye-yo a, yo pran fè sèvis pou Baal yo ak Achera yo.
Judges 3:15Apre sa, moun pèp Izrayèl yo pran kriye nan pye Seyè a. Seyè a voye yon lòt moun pou delivre yo. Se te Eyoud, pitit gason Gera, moun branch fanmi Benjamen an. Msye te goche. Moun pèp Izrayèl yo bay Eyoud yon kado al pote bay Eglon, wa peyi Moab.
Judges 6:7Lè pèp Izrayèl la te kriye nan pye Seyè a pou moun peyi Madyan yo,
Judges 10:15Men, moun pèp Izrayèl yo di Seyè a: -Nou fè sa nou pa t' dwe fè: Ou mèt fè nou sa ou vle. Men, tanpri delivre nou jòdi a!
1 Samuel 7:2Bwat Kontra Seyè a te rete yon bon tan lavil Kiriyat-Jearim. Li te pase ventan la. Pandan tout tan sa a, tout moun pèp Izrayèl yo t'ap rele nan pye Seyè a pou mande l' sekou.