1 Samuel 12:11
Lè sa a, Seyè a voye Jewoubaal, Abdon, Jefte ak mwen menm, Samyèl, li delivre nou anba men lènmi nou yo ki te tout bò kote nou yo, li fè nou viv ak kè poze.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Judges 4:6Li voye chache Barak, pitit gason Abinoram, moun lavil Kadès nan peyi moun Neftali yo. Li di l' konsa: -Men lòd Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye ba ou: Ale! Mennen sòlda ou yo sou mòn Tabò. Nan branch fanmi Neftali a ak nan branch fanmi Zabilon an, pran dimil (010.000) gason avè ou.
Judges 6:32Depi jou sa a yo rele Jedeyon Jewoubaal paske Joas te di: Kite Baal koresponn ak li, paske se lotèl Baal la li te kraze.
Judges 8:35Yo moutre yo engra, yo bliye fanmi Jedeyon an ansanm ak tout byen li te fè pou pèp Izrayèl la.
Judges 13:1Moun pèp Izrayèl yo te rekonmanse ankò ap fè sa ki mal nan je Seyè a. Seyè a lage yo nan men moun Filisti yo pandan karantan.
2 Kings 13:5Seyè a voye yon moun pou sove pèp la. Se konsa, moun peyi Izrayèl yo soti anba men pèp Siri a. Yo tanmen viv ankò ak kè poze tankou anvan.