1 Samuel 12:17
Nou pa nan sezon lapli, pa vre? Nou nan sezon chechrès, sezon pou ranmase ble nan jaden nou? Bon! Mwen pral lapriyè Seyè a, li pral voye loraj ak lapli. Lè sa a, n'a konnen, n'a wè ki kalite gwo peche nou te fè devan Seyè a, lè nou te mande yon wa pou gouvènen nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
16Bon, koulye a, rete kanpe kote nou ye a, nou pral wè bèl bagay Seyè a pral fè devan je nou.
Cross References
Joshua 10:12Jou Seyè a te lage moun Amori yo nan men moun pèp Izrayèl yo, Jozye pale ak Seyè a devan tout pèp la, li di: -Solèy! Rete klere sou lavil Gabawon! Lalin! Rete klere sou Pon Ayalon!
1 Samuel 7:9Samyèl pran yon ti mouton dèyè manman, li boule l' nèt, li ofri l' bay Seyè a. Lèfini, Samyèl lapriyè Seyè a pou l' vin ede pèp Izrayèl la. Seyè a reponn lapriyè a.
1 Samuel 8:7Seyè a di Samyèl ankò: -Ou mèt koute tou sa pèp la di ou. Paske se pa ou menm y'ap voye jete, se mwen menm menm y'ap voye jete. Yo pa vle m' pou wa yo ankò.
Proverbs 26:1Menm jan moun pa bezwen tann pou fè gwo fredi nan sezon chalè, ni pou lapli tonbe nan sezon rekòt, konsa tou, moun san konprann pa bezwen tann pou yo fè lwanj li.
James 5:16Se pou nou konfese peche nou yo yonn bay lòt. Se pou yonn lapriyè pou lòt, pou nou kapab geri. Lè yon moun ap viv dwat devan Bondye, lapriyè moun sa a gen anpil pouvwa.