1 Samuel 12:19
Yo tout di Samyèl konsa: -Tanpri, mèt, lapriyè Seyè a, Bondye ou la, pou nou pa mouri. Paske nou mete sou peche nou te fè deja yo, lè nou te mande yon wa pou gouvènen nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 9:28Lapriyè Seyè a pou l' fè loraj la sispann, pou l' fè lagrèl la rete. Mwen pwomèt pou m' kite nou ale. Nou pa bezwen rete ankò.
Exodus 32:30Nan denmen, Moyiz rele pèp la, li di yo: -Nou te fè yon gwo peche. Men koulye a, mwen pral moute sou mòn lan bò kote Seyè a. m'a wè si m' ka jwenn padon pou peche nou an.
1 Samuel 7:5Apre sa, Samyèl di yo: -Sanble tout pèp Izrayèl la lavil Mispa, m'a lapriyè Seyè a la pou nou.
1 Samuel 8:6Pawòl sa yo pa t' fè Samyèl plezi paske yo t'ap mande pou li ba yo yon wa pou gouvènen yo. Samyèl lapriyè Seyè a.
Job 42:8Atòkile, men sa pou nou fè: Pran sèt towo bèf ak sèt belye mouton. Al jwenn Jòb ak yo. N'a ofri yo pou nou, n'a boule yo nèt. Jòb li menm va lapriyè pou nou. M'a reponn li. Konsa, m'a fè pa nou. Mwen p'ap pini nou deske nou pa t' pale byen sou mwen, jan Jòb, sèvitè m' lan, te fè l' la.
Isaiah 26:16Seyè, lè pèp la te nan tray, se ou menm yo te vin jwenn. Lè ou t'ap pini yo, yo te gen kè sere, se nan pye ou yo t'ap lapriyè.