The Bible Software
bible.software › 1 Samuel › 1 Samuel 12 › 1 Samuel 12:22

1 Samuel 12:22

Bondye ap kenbe pawòl li. Li te pwomèt li p'ap voye nou jete, paske li soti pou l' fè nou tounen yon pèp ki rele l' pa l'.

Bib La

In The King James Version

For the LORD will not forsake his people for his great name’s sake: because it hath pleased the LORD to make you his people.

In Context

21Pa vire do ba li pou n' al sèvi sa ki pa Bondye. Yo pa ka ede nou, yo pa ka sove nou, paske yo menm yo pa anyen.

23Mwen menm, mande Bondye padon! mwen p'ap sispann lapriyè pou nou. Se ta yon gwo peche mwen ta fè devan Seyè a si m' ta fè sa. M'a moutre nou jan pou nou viv byen, jan pou nou mache dwat devan Seyè a.

Read all of 1 Samuel 12

Cross References

Exodus 32:12Atò, sa pou moun peyi Lejip yo di? y'a di: Ala Bondye malveyan! Li fè yo soti kite Lejip pou l' te ka touye yo nan mòn yo, pou l' te ka disparèt yo sou latè. Seyè, pa koute kòlè ou! Chanje lide. Pa fè malè sèk sa a tonbe sou pèp ou a.

Deuteronomy 7:6N'a fè sa paske se yon pèp k'ap viv apa pou Seyè a, Bondye nou an, nou ye. Se nou menm Seyè a, Bondye nou an, te chwazi nan tout pèp ki sou latè pou li fè nou tounen yon pèp ki rele l' pa l'.

Deuteronomy 9:5Non! Se pa paske nou te merite, ni paske nou te mennen bak nou dwat kifè Seyè a pral fè nou pran peyi a pou nou. Se paske moun sa yo mechan kifè Seyè a, Bondye nou an, pral disparèt yo sou tout wout nou. Epitou, se pou l' te ka kenbe pawòl li te sèmante bay zansèt nou yo, Abraram, Izarak ak Jakòb.

Deuteronomy 31:6Se pou nou vanyan. Se pou nou mete gason sou nou! Nou pa bezwen pè. Pa tranble lè yo parèt devan nou. Seyè a, Bondye nou an, kanpe la avèk nou. Li p'ap janm lage nou, li p'ap janm kite nou pou kont nou.

Deuteronomy 31:17Lè sa va rive, m'a fè yon sèl kòlè anwo yo, m'a lage yo tout, mwen p'ap okipe yo ankò. Se peri y'a peri. Tout kalite malè ak lafliksyon pral tonbe sou yo. Se lè sa a y'a blije rekonèt se paske Bondye yo a pa la nan mitan yo ankò kifè tout malè sa yo rive yo.

Joshua 7:9Moun Kanaran yo ak tout lòt moun ki rete nan peyi a pral konn sa. Yo pral leve dèyè nou. Yo pral touye nou nèt nan peyi a. Kisa ou pral fè lè sa a pou yo pa avili non ou?

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 1 Samuel 12:22

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 1 Samuel 12:211 Samuel 121 Samuel 12:23 →