1 Samuel 12:3
Koulye a, men mwen! Se pou nou di m' devan Seyè a, devan wa li chwazi a, sa mwen janm fè nou. Eske mwen janm pran bèf osinon bourik yonn nan nou? Eske mwen janm pwofite sou pesonn? Eske mwen janm aji mal ak pesonn? Eske mwen janm pran lajan nan men pesonn pou m' kache anyen pou li? Si mwen janm fè bagay konsa, m'ap renmèt sa m' te pran an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 20:17Piga nou pote lanvi sou sa ki pa pou nou: ni sou kay frè parèy nou, ni sou madanm li, ni sou moun k'ap sèvi lakay li, ni sou bèf li, ni sou bourik li, ni sou ankenn lòt bagay ki pou frè parèy nou.
Exodus 23:8Lè n'ap sèvi temwen nan yon kòz, pa pran lajan anba nan men moun, paske lajan konsa bouche je nou, li fè nou pa wè kote jistis la ye. Li fè moun ki pa antò a pèdi kòz li.
Leviticus 6:5ou ankò sa l' te sèmante li pa t' jwenn lan. Wi, se pou l' renmèt tout plis ven pou san bay mèt bagay la, jou l'ap fè ofrann pou peye pou sa l' te fè ki mal la.
Deuteronomy 16:19Piga yo fè ankenn lenjistis. Piga yo gade sou figi moun pou jije yo. Piga yo pran lajan anba nan men pesonn paske lajan konsa ka anpeche menm moun ki gen konprann wè klè, li ka fè nou kondannen moun inonsan.
1 Samuel 12:5Samyèl di yo: -Jòdi a, Seyè a ansanm ak wa li chwazi a temwen nou pa jwenn anyen pou nou repwoche m'. Pèp la reponn: -Seyè a temwen!
1 Samuel 24:7David pale ak mesye l' yo pou yo wete lide konsa nan tèt yo. Li pa kite yo fè Sayil anyen. Sayil leve, li soti nan gwòt la, li mache al fè wout li.