1 Samuel 12:5
Samyèl di yo: -Jòdi a, Seyè a ansanm ak wa li chwazi a temwen nou pa jwenn anyen pou nou repwoche m'. Pèp la reponn: -Seyè a temwen!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 22:4Men, si yo jwenn bèt li te vòlò a vivan nan men l' toujou, kit se bèf, kit se kabrit, kit se bourik, l'a renmèt de pou yonn.
Job 16:19Paske mwen konnen gen yon moun nan syèl la k'ap kanpe pou mwen, gen yon moun anwo a k'ap pran defans mwen.
Job 42:7Lè Seyè a fin pale konsa ak Jòb, li pale ak Elifaz, moun lavil Teman an. Li di l' konsa: -Mwen te fache sou ou ak sou de zanmi ou yo, paske sa nou di sou mwen an pa vre menm. Nou pa t' pale tankou Jòb, sèvitè m' lan.
John 18:38Pilat reponn li: Laverite? Kisa l' ye? Lè l' fin di sa, Pilat soti ankò, li al jwenn jwif yo. Li di yo: Mwen pa wè rezon pou m' kondannen nonm sa a.
Acts 24:16Se konsa m'ap fè posib mwen pou m' toujou kenbe konsyans mwen san repwòch devan Bondye ak devan moun.
1 Corinthians 4:4Konsyans mwen pa repwoche m' anyen, se vre. Men, sa pa vle di mwen inonsan pou sa. Se Seyè a ki sèl jij mwen.