1 Samuel 12:7
Koulye a, nou menm, vin kanpe la devan lotèl Seyè a pou m' akize nou. Pou konmanse, m'ap fè nou chonje tout bèl bagay Seyè a te fè pou nou ak pou zansèt nou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 1:18Seyè a di konsa: -Nou mèt vini atò! Vini non! Ann regle koze a! Menm si peche nou yo ta tache wouj kou san sou tout kò nou, m'ap lave nou. M'ap fè nou vini blan kou koton. Nou te mèt tache wouj fonse, m'ap blanchi nou, m'ap fè nou blan kou lenn mouton.
Ezekiel 18:25Men, n'a di n'a kè nou: Jan Seyè a ap aji la a pa bon non. Enben, nou menm moun pèp Izrayèl yo, koute. Nou di jan m' aji a pa bon. Nou pa kwè se jan nou menm n'ap aji a ki pa bon pito?
Micah 6:5Ooo! Pèp mwen! Chonje sa Balak, wa peyi Moab la, te fè lide fè nou, ak ki jan Balaram, pitit Bèyò a, te reponn li! Chonje sa ki te rive nou nan vwayaj nou an, lè nou te fin kite Sitim, anvan nou te rive Gilgal! Chonje tout bagay sa yo pou nou ka konprann sa m' te fè pou delivre nou!