1 Samuel 12:9
Men yo bliye Seyè a, Bondye yo a. Lè sa a, Bondye lage yo nan men Sisera, chèf lame lavil Azò a, nan men moun Filisti yo ak nan men wa peyi Moab ki leve fè lagè ak yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 32:30Kouman ou ta vle pou yon sèl grenn lènmi fè mil ladan yo kouri, pou de grenn lènmi fè dimil ladan yo kraze rak? Se sèlman paske Seyè a lage yo, paske moun ki te konn pwoteje yo a vire do ba yo.
Judges 3:7Moun pèp Izrayèl yo tanmen fè bagay ki te mal nan je Seyè a. Yo bliye Seyè a, Bondye-yo a, yo pran fè sèvis pou Baal yo ak Achera yo.
Judges 3:31Apre Eyoud, yo vin gen yon lòt chèf: Se te Chanmga, pitit Anat. Li menm menm avèk yon fwèt kach po bèf, li te touye sisan (0600) sòlda nan lame moun Filisti yo. Konsa li delivre pèp Izrayèl la.
Judges 10:7Se konsa Seyè a fache sou pèp Izrayèl la. Li kite moun Filisti yo ak moun Amon yo mete pye sou kou yo.
Psalms 106:21Yo bliye Bondye ki te delivre yo a, avèk gwo mèvèy li te fè nan peyi Lejip,
Isaiah 63:10Men, yo te fè wòklò avè l', yo te fè l' lapenn anpil. Se konsa Seyè a te tounen yon lènmi pou yo, li fè yo lagè.