1 Samuel 14:1
Yon jou, Jonatan, pitit Sayil la, pale ak jenn gason ki t'ap pote zam li yo, li di l' konsa: -Ann al avè m'! Ann travèse lòt bò a, nan kan moun Filisti yo. Men Jonatan pa t' avèti papa l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Judges 14:6Lamenm, lespri Seyè a vin sou li. Li vin gen yon sèl fòs, li dechèpiye lyon an pak an pak ak men li tankou si se te yon jenn ti kabrit. Men, li pa rakonte papa l' ak manman l' sa l' te fè a.
1 Samuel 13:2Sayil chwazi twamil (03000) gason nan pèp Izrayèl la, epi li voye tout rès yo al lakay yo. Li pran demil gason, li fè yo rete avè l' lavil Mikmas ak nan mòn Betèl la. Lòt mil yo te avèk Jonatan, pitit gason Sayil la, lavil Gibeya nan peyi moun Benjamen yo.
1 Samuel 14:39Mwen bay pawòl mwen. Mwen fè sèman devan Seyè ki vivan an, li menm ki delivre pèp Izrayèl la, menm si se Jonatan, pitit mwen, ki koupab, se pou l' mouri. Pesonn pa louvri bouch yo di anyen.
1 Samuel 25:19Lèfini, li di domestik li yo: -Nou mèt pran devan, mwen menm mwen dèyè. Men li pa di Nabal, mari l' anyen.
2 Samuel 1:25Vanyan sòlda yo mouri nan lagè! Jonatan mouri, li blayi atè plat sou ti mòn yo!