1 Samuel 14:11
Yo parèt kò yo, yo kite moun Filisti yo wè yo. Moun Filisti yo di: -Gade! Men kèk ebre k'ap soti nan twou kote yo te kache.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 13:6Moun pèp Izrayèl yo wè zafè a pa t' bon pou yo menm. Moun Filisti yo te atake moun pèp Izrayèl yo ak fòs. Pèp Izrayèl la vin pèdi espwa. Sa pa t' bon menm pou yo. Gen ladan yo ki al kache nan gwòt, nan twou wòch, dèyè gwo wòch, nan pi, nan twou anba tè.
1 Samuel 29:3Lòt chèf moun Filisti yo di konsa: -Sa bann ebre sa yo ap fè la a? Akich reponn yo: -Se David, yonn nan mesye ki t'ap sèvi ak Sayil, wa pèp Izrayèl la. Li gen kèk tan depi li avè m'. Depi jou li kite wa pèp Izrayèl la pou li vin jwenn mwen, mwen pa janm jwenn anyen pou m' repwoche l' jouk jounen jòdi a.