1 Samuel 14:12
Sòlda Filisti yo rele Jonatan ak jenn gason an, yo di yo: -Moute vin jwenn nou non. Nou gen yon bagay pou n' di nou. Lè sa a, Jonatan di jenn gason an: -Swiv mwen. Seyè a lage yo nan men pèp Izrayèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 24:42Jòdi a, lè m' rive bò sous dlo a, mwen di: Seyè, Bondye Abraram, mèt mwen an, si sa fè ou plezi, fè m' pa vwayaje pou gremesi.
Judges 4:14Debora di Barak konsa: -Annou wè! Jòdi a, se jou Seyè a pral lage Sisera nan men ou. Se Seyè a k'ap mache devan ou. Se konsa, Barak desann soti sou mòn Tabò a avèk dimil (010.000) sòlda dèyè l'.
Judges 7:15Lè Jedeyon tande rèv la ak esplikasyon yo ba li a, li lage kò l' atè devan Bondye. Apre sa, li leve, li tounen nan kan moun pèp Izrayèl yo. Li di yo: -Ann ale! Seyè a lage kan moun Madyan yo nan men nou.
1 Samuel 17:43Sòlda Filisti a di David konsa: -Gen lè se yon chen mwen ye pou se avèk yon baton w'ap mache sou mwen? Epi li pran non bondye l' yo pou madichonnen David.
2 Samuel 5:24Lè w'a tande yon bri tankou bri pye yon moun k'ap mache sou tèt pyebwa yo, w'a fonse sou yo. Paske sa vle di m'ap pran devan ou pou m' bat lame moun Filisti yo.