1 Samuel 14:24
Jou sa a, moun pèp Izrayèl yo te fèb anpil tèlman yo te grangou paske Sayil te pran yon gwo angajman devan tout pèp la, li te pase lòd sa a: -Madichon pou nenpòt moun ki va mete manje nan bouch li jòdi a anvan mwen pran revanj mwen sou lènmi m' yo. Se konsa pesonn nan peyi a pa t' manje anyen jou sa a.
Bib La
In The King James Version
In Context
25Pèp la rive nan yon gwo rakbwa kote ki te gen anpil siwo myèl.
Cross References
Leviticus 5:4Si yon moun kite bouch li mennen l', epi li sèmante, li di l'ap fè yon bagay, se ka yon move bagay osinon yon bon bagay, lè l' vin rekonèt sa, se pou l' peye sa l' fè a.
Numbers 21:2Lè sa a, moun pèp Izrayèl yo fè yon ve bay Seyè a, yo di konsa: -Si ou lage moun sa yo nan men nou, n'ap mete yo tout apa pou ou ansanm ak tout lavil yo. N'ap detwi yo nèt.
Joshua 6:17Nou pral ofri lavil la ak tou sa ki ladan l' tankou yon ofrann pou Bondye. Nou pral touye dènye moun ki ladan l'. Sèl moun ki va rete vivan, se va Rarab, jennès la, ak tout moun ki va lakay li, paske li te kache mesaje nou te voye yo.
Judges 1:28Lè moun Izrayèl yo te vin pi fò, yo fòse moun Kanaran yo travay pou yo, men, yo pa janm mete yo deyò.
Judges 11:30Jefte te fè Seyè a yon ve. Li te di: -Si ou lage moun Amon yo nan men m',
Judges 21:5Lèfini, yo t'ap mande: -Kilès nan tout branch fanmi pèp Izrayèl la ki pa t' nan reyinyon nou te fè devan Seyè a? Lè reyinyon an, yo te fè yon gwo sèman pou yo touye tout moun ki pa t' mete pye yo lavil Mispa devan Seyè a.