1 Samuel 14:45
Men pèp la di Sayil konsa: -Se Jonatan ki te genyen bèl batay sa a pou pèp Izrayèl la, li pa ka mouri. Mande Bondye padon! Nou fè sèman devan Seyè ki vivan an, nou p'ap kite yon grenn cheve nan tèt li tonbe, paske se avèk lasistans Bondye li fè sa l' fè jòdi a. Se konsa moun yo enpoze yo touye Jonatan. Li pa mouri.
Bib La
In The King James Version
In Context
44Sayil di li: -Se pou Bondye ban m' pi gwo pinisyon ki genyen si mwen pa fè yo touye ou.
46Apre sa, Sayil sispann kouri dèyè moun Filisti yo. Moun Filisti yo menm tounen nan peyi yo.
Cross References
1 Samuel 11:13Men, Sayil di yo konsa: -Nou p'ap touye pesonn jòdi a. Paske jòdi a se jou Seyè a delivre pèp Izrayèl la.
1 Samuel 19:5Li riske lavi li lè l' al touye sòlda Filisti a. Se konsa Seyè a te delivre tout pèp la, se te bèl bagay. Ou te wè sa, ou te kontan. Poukisa koulye a ou ta renmen wè malè rive yon moun inonsan, ou ta vle touye David san l' pa fè anyen?
1 Kings 1:52Salomon reponn: -Si msye aji tankou moun debyen, yon grenn cheve nan tèt li p'ap tonbe. Men, si li fè sa li pa t' dwe fè, l'ap mouri.
Nehemiah 9:27Se konsa, ou lage yo nan men moun ki pa vle we yo, ki bat yo nan lagè, ki mete pye sou kou yo. Nan tray yo te ye a, yo rele mande ou sekou. Ou rete nan syèl la, ou reponn yo. Ou te gen pitye pou yo, ou voye chèf pou delivre yo anba men moun ki t'ap peze yo.
Isaiah 29:20Paske lwijanboje a pral jwenn ak bout li. Moun ki t'ap pase Bondye nan betiz la pral disparèt. Yo pral fini ak tout moun ki t'ap chache okazyon pou fè sa ki mal,
Luke 21:18Men, pa yon grenn cheve nan tèt nou p'ap pèdi.