1 Samuel 14:50
Madan Sayil te rele Akinoam. Se te pitit Akimas. Kòmandan lame a te rele Abnè. Se te pitit Nè, tonton Sayil.
Bib La
In The King James Version
In Context
51Kich, papa Sayil, ak Nè, papa Abnè, te pitit gason Abiyèl.
Cross References
1 Samuel 10:14Tonton Sayil la mande l' ansanm ak domestik li a: -Kote nou te ye konsa? Sayil reponn tonton l' lan: -Mwen t' al chache bourik yo. Lè nou pa jwenn yo, n' al kote Samyèl.
1 Samuel 26:5David leve, li pati pou kote Sayil te moute kan lame li a. Li gade pozisyon kote Sayil ak kòmandan lame li a, Abnè, pitit gason Nè a, te kouche. Sayil te kouche nan mitan, tout sòlda yo te kouche bò kote l'.
2 Samuel 3:6Pandan lagè a t'ap kaye ant patizan fanmi Sayil yo ak patizan David yo, Abnè te vin gen plis pouvwa chak jou sou patizan fanmi Sayil yo.
2 Samuel 3:38Wa a di moun k'ap sèvi avè l' yo: -Aa, mesye! Jòdi a pèp Izrayèl la pèdi yon chèf, yon gwo chèf wi!