1 Samuel 14:6
Jonatan di jenn gason an: -Ann janbe lòt bò nan kan moun Filisti yo, bann moun sa yo ki pa sèvi Seyè a. Ou pa janm konnen, Seyè a ka ede nou. Paske pa gen anyen ki ka anpeche l' fè nou genyen, nou te mèt anpil, nou te mèt pa anpil.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Yonn te sou bò nò anfas lavil Mikmas, lòt la sou bò sid anfas lavil Geba.
7Jenn gason an reponn li: -Fè sa ou gen nan lide ou. Ale non! M'ap kanpe avè ou!
Cross References
Numbers 10:32Si ou vini ak nou, w'a gen pa ou nan tout byen Seyè a ap ban nou.
Deuteronomy 32:30Kouman ou ta vle pou yon sèl grenn lènmi fè mil ladan yo kouri, pou de grenn lènmi fè dimil ladan yo kraze rak? Se sèlman paske Seyè a lage yo, paske moun ki te konn pwoteje yo a vire do ba yo.
Judges 7:4Seyè a di Jedeyon ankò: -Gen twòp moun toujou. Fè yo tout desann bò larivyè a. M'a separe yo la pou ou. Moun m'a di ou ki pou ale avè ou yo va ale. Moun m'a di ou ki pa pou ale avè ou yo va rete.
Judges 15:18Apre sa, Samson vin anvi bwè dlo. Li rele Seyè a, li di: -Ou fin fè m' genyen bèl batay sa a. Koulye a, w'ap kite m' mouri swaf dlo pou bann moun ki p'ap sèvi ou yo mete men sou mwen!
1 Samuel 17:36Menm jan mwen touye lyon ak lous, se konsa m'a touye sòlda Filisti sa a ki pa moun k'ap sèvi Seyè a. M'ap touye l' paske li mete lame Bondye vivan an an defi vin goumen avè l'.
2 Samuel 16:12Nou pa janm konnen, Seyè a va wè nan ki mizè mwen ye. Lè sa a, l'a ban m' benediksyon nan plas madichon l'ap ban m' jòdi a.