1 Samuel 15:11
-Mwen règrèt mwen te fè Sayil wa. Li vire do ban mwen. Li pa fè sa mwen ba li lòd fè. Samyèl pa t' kontan, li fè tout nwit lan ap lapriyè nan pye Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
10Seyè a pale ak Samyèl, li di l' konsa:
Cross References
Genesis 6:6Li vin règrèt li te fè moun sou latè. Kè l' vin sere ak lapenn.
1 Samuel 8:6Pawòl sa yo pa t' fè Samyèl plezi paske yo t'ap mande pou li ba yo yon wa pou gouvènen yo. Samyèl lapriyè Seyè a.
1 Samuel 13:13Samyèl di Sayil konsa: -Se bagay moun fou ou fè la a! Ou pa swiv lòd Seyè a, Bondye ou la, te ba ou. Si ou te swiv lòd li, li ta kite ou gouvènen pèp Izrayèl la, lèfini pitit ou yo ta ranplase ou jouk sa kaba.
1 Samuel 15:9Men Sayil ak sòlda li yo pa t' touye Agag. Yo pa t' touye pi bèl mouton yo ni pi bèl bèf yo, ni yo pa t' touye ankenn bèt ki te bon. Men, yo touye tout bèt ki te lèd, tout bèt ki te mèg tankou yon ofrann pou Bondye.
1 Samuel 16:1Seyè a di Samyèl konsa: -Kilè w'a sispann gen lapenn pou Sayil? Se mwen menm ki voye l' jete pou l' pa wa pèp Izrayèl la ankò. Plen ti poban ou lan lwil. Leve ou ale. M'ap voye ou lavil Betleyèm, kay yon nonm yo rele Izayi, paske mwen chwazi yonn nan pitit gason l' yo pou vin wa.
1 Kings 9:6Men, si ou menm osinon yonn nan pitit ou yo vire do ban mwen, si nou pa fè sa m' mande nou fè, si nou pa koute lòd mwen ban nou, si n' al sèvi lòt bondye, si n' al adore lòt bondye,