1 Samuel 15:19
Poukisa ou pa koute sa Seyè a te di ou? Poukisa ou lage kò ou sou sa ou te pran nan men lènmi ou yo, epi ou fè sa ki pa fè Seyè a plezi.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 14:41Men Moyiz di yo: -Pouki pou n'ap dezobeyi lòd Seyè a ankò? Sa p'ap mache pou nou non, fwa sa a!
2 Samuel 12:9Poukisa atò ou pa swiv lòd mwen yo? Poukisa ou fè mechanste sa a? Ou fè yo touye Ouri nan lagè, ou kite moun Amon yo touye l'. Lèfini, ou pran madanm li!
2 Chronicles 33:6Li ofri pitit gason l' pou yo boule sou lotèl zidòl yo nan Fon Inon an. Li lage kò l' nan li nwaj nan syèl la ak nan fè maji pou konnen sa ki gen pou rive. Li ankouraje divinò yo ak moun ki konn rele mò pou pale ak yo. Li donnen nan fè sa ki mal devan Seyè a pou l' te fè Seyè a move jouk li pa kapab ankò.
Proverbs 15:27Moun k'ap kouri dèyè lajan, se traka y'ap chache bay fanmi yo. Men, moun ki refize kite yo achte l' ap viv lontan.
Habakkuk 2:9Madichon pou moun k'ap vòlò pou fè fanmi yo rich, k'ap bati kay sou mòn pou malè pa rive yo!