The Bible Software
bible.software › 1 Samuel › 1 Samuel 15 › 1 Samuel 15:23

1 Samuel 15:23

Dezobeyi Bondye nan sa l' mande ou fè a se menm bagay ak fè maji. Fè tèt di ak Bondye se menm bagay ak sèvi zidòl. Enben, ou voye pawòl Bondye a jete, Seyè a wete ou nan plas wa a, li voye ou jete tou. Li pa gen anyen pou l' wè avè ou ankò!

Bib La

In The King James Version

For rebellion is as the sin of witchcraft, and stubbornness is as iniquity and idolatry. Because thou hast rejected the word of the LORD, he hath also rejected thee from being king.

In Context

22Lè sa a, Samyèl di l' konsa: -Dapre ou, kisa Seyè a pito: yon moun k'ap ofri bèt pou boule nan dife, k'ap fè tout kalite ofrann bèt pou li, osinon yon moun k'ap fè sa li di l' fè a? Konn sa tande! Pito yon moun fè sa Seyè a di l' fè a pase pou l' touye bèt ofri pou Bondye. Pito yon moun soumèt devan Bondye pase pou l' ofri bèl belye chatre pou Seyè a.

24Sayil reponn li: -Mwen peche, mwen pa fè sa Seyè a te ban m' lòd fè. Mwen pa t' koute pawòl ou te di m' lan. Se pè mwen te pè mesye m' yo kifè m' fè sa yo te vle fè a.

Read all of 1 Samuel 15

Cross References

Genesis 31:34Rachèl menm te pran ti zidòl kay yo, li te mete yo anba aparèy chamo a, epi li chita sou yo. Laban menm chache tout anba tant lan, li pa jwenn anyen.

Leviticus 20:6Si yon moun vire do ban mwen poul al konsilte moun k'ap rele mò nan tab tounant, osinon moun k'ap fè divinò, mwen p'ap okipe l' ankò, m'ap wete l' nan mitan pèp mwen an.

Numbers 14:9Sèlman, pa kenbe tèt ak Seyè a! Nou pa bezwen pè moun k'ap viv nan peyi sa a. N'ap manje yo tankou kann. Bondye ki t'ap pwoteje yo a kouri mete deyò. Men Seyè a kanpe la avèk nou. Nou pa bezwen pè yo.

Deuteronomy 9:24Depi mwen konnen nou, se wòklò n'ap plede fè ak Bondye!

Joshua 22:15Se konsa, mesye sa yo rive bò moun Woubenn yo, moun Gad yo ak mwatye moun Manase yo nan peyi Galarad, epi yo di yo:

1 Samuel 2:30Se poutèt sa, mwen menm Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, men sa m'ap di: Nan tan lontan, mwen te pwomèt mwen t'ap kite fanmi ou ak moun branch fanmi ou yo sèvi m' prèt pou tout tan. Men koulye a, mwen di: Mwen p'ap fè sa ankò paske m'ap fè bèl bagay pou moun ki gen krentif pou mwen. Men moun k'ap derespekte m' yo, m'ap fè yo wont. Se mwen menm Seyè a ki di sa.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 1 Samuel 15:23

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 1 Samuel 15:221 Samuel 151 Samuel 15:24 →