1 Samuel 15:24
Sayil reponn li: -Mwen peche, mwen pa fè sa Seyè a te ban m' lòd fè. Mwen pa t' koute pawòl ou te di m' lan. Se pè mwen te pè mesye m' yo kifè m' fè sa yo te vle fè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
25Men koulye a, tanpri, padonnen peche m' lan. Tounen avè m' pou m' ka sèvi Seyè a.
Cross References
Genesis 3:17Apre sa li di Adan. Ou koute pawòl madanm ou, pa vre! Ou manje fwi pyebwa mwen te ba ou lòd pa manje a. Poutèt sa ou fè a, m'ap madichonnen tè a. W'a gen pou travay di toutan pou fè tè a bay sa ou bezwen pou viv.
Exodus 10:16Lè sa a, farawon an prese fè rele Moyiz ak Arawon, li di yo: -Mwen peche kont Seyè a, Bondye nou an, mwen peche kont nou menm tou.
Numbers 22:34Balaram reponn: -Sa m' fè a pa bon, vre! Sèlman, mwen pa t' konnen se ou menm ki te bare wout la devan m'. Men si koulye a ou pa vle m' al pi lwen, m'ap tou tounen lakay mwen.
1 Samuel 15:9Men Sayil ak sòlda li yo pa t' touye Agag. Yo pa t' touye pi bèl mouton yo ni pi bèl bèf yo, ni yo pa t' touye ankenn bèt ki te bon. Men, yo touye tout bèt ki te lèd, tout bèt ki te mèg tankou yon ofrann pou Bondye.
1 Samuel 15:30Sayil reponn li: -Mwen peche, se vre! Men, pa fè m' wont devan tout chèf pèp mwen an, devan tout pèp Izrayèl la. Tounen avè m' pou m' ka fè sèvis pou Seyè a, Bondye ou la.
2 Samuel 12:13David di Natan konsa: -Wi, mwen rekonèt mwen peche kont Seyè a! Lè sa a Natan di l' konsa: -Bondye sèl Mèt la p'ap pini ou pou sa ou fè a, ou p'ap mouri.