1 Samuel 15:26
Samyèl di li: -Non, mwen p'ap tounen avè ou. Paske ou voye pawòl Bondye a jete, Seyè a wete ou nan plas wa a, li voye ou jete tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
25Men koulye a, tanpri, padonnen peche m' lan. Tounen avè m' pou m' ka sèvi Seyè a.
27Samyèl fè sa li vire pou l' ale, Sayil kenbe rad li, rad la chire.
Cross References
Genesis 43:11Lè sa a, Izrayèl, papa yo, di: -Bon. Si se konsa sa ye, men sa pou n' fè: n'ap pran pi bon danre ki gen nan peyi a, n'ap mete nan sak nou, n'ap pote fè nonm lan kado: gonm santi bon, siwo myèl, lansan, lami, pistach ak nwa.
1 Samuel 13:14Men koulye a, rèy ou pa la pou lontan. Seyè a pral chache yon lòt moun ki va fè tou sa l'a vle l' fè, l'a mete l' chèf sou pèp li a, tou sa paske ou pa t' swiv lòd Seyè a te ba ou a.
1 Samuel 15:31Se konsa Samyèl tounen avèk Sayil, epi Sayil fè sèvis pou Seyè a.
2 Samuel 7:15Men, m'ap toujou soutni l', mwen p'ap lage l' jan mwen te lage Sayil lè mwen te kite l' tonbe pou m' te mete ou nan plas li.
Hosea 4:6Pèp mwen an ap fini, paske li pa konnen mwen. Prèt yo voye tou sa mwen te moutre yo jete. Se konsa, mwen menm tou, mwen p'ap rekonèt yo pou prèt mwen ankò. Yo voye tou sa mwen menm, Bondye yo a, mwen te moutre yo a jete. Mwen menm tou, m'ap voye pitit yo jete.
Luke 24:28Lè yo rive toupre ti bouk kote yo t'ap prale a, Jezi fè tankou li ta vle al pi lwen.