1 Samuel 15:29
Bondye ki wa pèp Izrayèl la pa konn manti, ni li pa konn chanje lide. Se pa moun li ye. Li p'ap chanje pawòl.
Bib La
In The King James Version
And also the Strength of Israel will not lie nor repent: for he is not a man, that he should repent.
In Context
Cross References
Numbers 14:28Men sa pou ou di yo pou mwen: Se mwen menm menm, Seyè a, ki di sa. Menm jan nou wè m' vivan an, mwen fè sèman sa nou te di k'ap rive nou an, se li k'ap rive nou vre.
Deuteronomy 33:27Bondye ki la pou tout tan an ap pwoteje nou. L'ap pran dèfans nou ak pouvwa li ki p'ap janm fini. L'ap fè lènmi nou yo kouri met deyò devan nou, l'ap ban nou lòd pou nou detwi yo nèt.
Psalms 29:11Seyè a va bay pèp li a fòs, l'a beni yo, l'a ba yo kè poze.
Psalms 95:11Se sak fè, lè m' te ankòlè a, mwen sèmante yo p'ap janm mete pye yo kote pou yo pran repo ansanm ak mwen an.
Ezekiel 24:14Se mwen menm, Seyè a, ki pale. Lè a rive pou m' fè sa m' te di m'ap fè a. Mwen p'ap chanje lide. M'ap san pitye, mwen p'ap pran priyè. Yo pral pini ou pou sa ou te fè, pou jan ou te mennen bak ou. Se Seyè sèl Mèt la ki di sa.
2 Corinthians 12:9Chak fwa, li reponn mwen: Se favè m' ase ou bezwen. Paske lè ou fèb, se lè sa a moun wè pouvwa mwen nan ou. Se poutèt sa, nan fon kè m', mwen pito pale sou feblès mwen pou pouvwa Kris la ka mete m' anba zèl li.