1 Samuel 15:30
Sayil reponn li: -Mwen peche, se vre! Men, pa fè m' wont devan tout chèf pèp mwen an, devan tout pèp Izrayèl la. Tounen avè m' pou m' ka fè sèvis pou Seyè a, Bondye ou la.
Bib La
In The King James Version
In Context
31Se konsa Samyèl tounen avèk Sayil, epi Sayil fè sèvis pou Seyè a.
Cross References
1 Samuel 26:21Sayil reponn: -Sa m' fè a mal. Tounen non, David, pitit mwen. Mwen p'ap janm chache fè ou mal paske ou refize touye m' aswè a ankò. Wi, mwen te aji tankou moun fou, mwen te fè yon bagay ki pa bon menm.
Habakkuk 2:4Men mesaj la: Moun ki pa mache dwat devan Bondye p'ap chape. Men moun ki mache dwat yo va viv paske yo te kenbe konfyans fèm yo nan Bondye.
John 5:44Nou renmen resevwa lwanj yonn nan men lòt, nou pa chache lwanj ki soti nan men Bondye ki pa gen parèy la. Nan kondisyon sa a, ki jan pou nou kwè?
2 Timothy 3:5Y'ap fè tankou y'ap sèvi Bondye. Men, yo pa kwè nan pouvwa Bondye a tout bon vre. Pa mele ak moun konsa menm.