1 Samuel 15:6
Apre sa, li voye avèti moun Kayen yo: -Wete kò nou! Kite moun Amalèk yo pou kont yo, pou nou pa touye nou ansanm ak yo. Paske nou menm moun Kayen, nou te aji byen ak pèp Izrayèl la lè yo t'ap tounen soti nan peyi Lejip la. Se konsa moun Kayen yo pati, yo wete kò yo nan mitan moun Amalèk yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Lèfini, li desann toupre yonn nan lavil moun Amalèk yo. L' al kache kò li nan yon ravin chèch.
7Sayil bat moun Amalèk yo depi lavil Avila rive Chou sou bò solèy leve peyi Lejip.
Cross References
Genesis 18:25Aa! Pou di w'ap fè inonsan peri ak koupab? Se pa posib. Ou pa ka fè sa. Se lenjistis pou inonsan gen menm sò ak koupab. Non, sa pa ka fèt. Bondye k'ap jije tout moun sou tè a pa ka nan fè lenjistis.
Exodus 18:9Jetwo te kontan anpil lè l' tande tout bèl bagay Seyè a te fè pou pèp Izrayèl la, jan l' te delivre yo anba men moun peyi Lejip yo.
Numbers 10:29Moyiz rele bòfrè l' a, Obab, pitit gason Ragèl, moun peyi Madyan an, li di l' konsa: -Nou pral pati la a pou n' ale nan peyi Seyè a te di l'ap ban nou an. Seyè a te pwomèt li t'ap fè anpil byen pou nou. Vini avèk nou non! N'a pataje tout byen nou yo avè ou.
Numbers 16:34Tout moun nan pèp la ki te la pran kouri lè yo tande jan moun yo t'ap rele. Yo t'ap di: -Ann kouri pou tè a pa vale nou tou.
Judges 1:16Moun Kayen yo, fanmi bòpè Moyiz la, kite lavil Palmis. Yo moute ansanm ak moun Jida yo nan dezè peyi Jida a sou bò sid lavil Arad. Se la y' al rete ansanm ak moun Amalèk yo.
Judges 5:24Nan tout fanm ki sou latè, Jayèl se yon fanm Bondye beni anpil. Wi, Jayèl, madan Ebè, moun fanmi Kayen, nan tout fanm ki sou latè, se yon fanm Bondye beni anpil.