1 Samuel 15:8
Li pran Agag, wa moun Amalèk yo, tou vivan, men li touye tout rès moun yo tankou yon ofrann pou Bondye.
Bib La
In The King James Version
In Context
7Sayil bat moun Amalèk yo depi lavil Avila rive Chou sou bò solèy leve peyi Lejip.
Cross References
Numbers 24:7Lame pèp Izrayèl la ap fè nasyon yo tranble. Pèp Izrayèl la ap donminen sou anpil lòt pèp. Wa li yo ap pi fò pase wa Agag, Y'ap gouvènen sou anpil nasyon.
Joshua 10:39Yo pran lavil la ansanm ak wa a ak tout lòt ti bouk nan zòn lan. Jozye fè touye tout moun ak tout bèt tankou yon ofrann pou Seyè a. Li pa kite yonn chape. Menm sa li te fè moun lavil Ebwon yo, menm sa li te fè moun lavil Libna yo ak wa yo a, se sa Jozye fè lavil Debi ak wa li a tou.
1 Samuel 15:3Koulye a, leve al atake moun Amalèk yo. W'a pran tou sa ki pou yo, w'a ofri yo bay Seyè a. Ou p'ap gen pitye pou pesonn lakay yo: N'a touye fanm kou gason, timoun ak ti bebe nan tete, ata bèf, mouton, chamo ak bourik.
1 Samuel 27:8Tanzantan, David ak mesye l' yo te konn pati al atake moun Jechou yo, moun Jizi yo ak moun Amalèk yo jouk lakay yo. Depi tout tan se pèp sa yo ki te rete nan zòn ki soti depi lavil Telayim, nan direksyon lavil Chou rive jouk peyi Lejip.
1 Kings 20:30Sa ki chape yo kouri ale lavil Afèk. Lè yo rive la, miray lavil la tonbe sou yo, li touye vennsètmil (027.000) sòlda ki te rete yo. Bennadad tou te chape kò l' nan lagè a. Li antre nan yon kay, l' al kache nan yon pyès jouk nan fon.
Esther 3:1Kèk tan apre sa, wa Asyeris mete yon nonm ki te rele Aman nan yon gwo pozisyon. Li nonmen l' chèf sou tout lòt chèf nan peyi a apre wa a. Aman sa a te pitit Amedata, moun fanmi wa Agag.