1 Samuel 16:1
Seyè a di Samyèl konsa: -Kilè w'a sispann gen lapenn pou Sayil? Se mwen menm ki voye l' jete pou l' pa wa pèp Izrayèl la ankò. Plen ti poban ou lan lwil. Leve ou ale. M'ap voye ou lavil Betleyèm, kay yon nonm yo rele Izayi, paske mwen chwazi yonn nan pitit gason l' yo pou vin wa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 49:8Ou menm, Jida, frè ou yo ap fè lwanj ou. W'ap kenbe lènmi ou yo dèyè kou. Pitit papa ou yo ap bese tèt devan ou.
1 Samuel 9:16-Denmen, vè lè konsa, m'ap voye yon moun ki soti nan peyi Benjamen an bò kote ou. W'a vide lwil sou tèt li, w'a mete l' apa pou l' chèf pèp mwen an, chèf pèp Izrayèl la. Se li ki va delivre pèp mwen an anba men moun Filisti yo. Mwen wè jan pèp la ap soufri, mwen tande jan y'ap rele mande sekou.
1 Samuel 13:13Samyèl di Sayil konsa: -Se bagay moun fou ou fè la a! Ou pa swiv lòd Seyè a, Bondye ou la, te ba ou. Si ou te swiv lòd li, li ta kite ou gouvènen pèp Izrayèl la, lèfini pitit ou yo ta ranplase ou jouk sa kaba.
1 Samuel 15:11-Mwen règrèt mwen te fè Sayil wa. Li vire do ban mwen. Li pa fè sa mwen ba li lòd fè. Samyèl pa t' kontan, li fè tout nwit lan ap lapriyè nan pye Seyè a.
1 Samuel 15:26Samyèl di li: -Non, mwen p'ap tounen avè ou. Paske ou voye pawòl Bondye a jete, Seyè a wete ou nan plas wa a, li voye ou jete tou.
1 Samuel 16:15Moun k'ap sèvi Sayil yo di l' konsa: -Gade! Ou konnen Seyè a voye yon move lespri sou ou k'ap toumante ou!